POU RESPONSAB KI NAN GOUVÈNMAN TOUPATOU SOU LATÈ:
Nou ap egzòte ou pou ou pran mezi pou ou kapab pran ni endistri ni antrepriz ki alimante kriz klima a epi ki kontinye ap agrave l la kòm responsab, ni dirijan ki dèyè yo tou, pou nou kapab pèmèt jistis klima a avanse sou plan mondyal.
Pandan plizyè dizèn ane , Gwo Polyè tankou Exxon, Shell, ak lòt antrepriz ankò depanse plizyè bilyon dola nan alimante kriz la epi nan nye li, sa ki lakoz yo pran tan pou yo pran mezi yo, epi nan chache fo “solisyon” nan tout nivo—pandan yo ap fè plizyè bilyon dola benefis chak ane. Epi malgre sa piblisite eko-blanchiman pa yo a di, yo toujou kontinye ap fè l, menm jan ak lòt gran endistri polyè yo tankou agri-biznis.
Genyen moun toupatou nan mond lan ki ap batay pou yo kapab pwoteje peyi pa yo kont lanmè monte, ki ap batay pou yo kapab pwoteje pwòch yo kont gwo evènman klimatik, epi ki ap batay pou yo kapab pwoteje vi pa yo ak gay-pen pa yo kont inondasyon, kont sechrès, kont piplin, kont estraksyon kabiran fosil brital, kont deforestasyon, kont destriksyon anviwònman natirèl, kont sezi tè, ak kont vyolasyon lòt dwa moun genyen ankò. Kominote ki fè pati Global South, fanm, lajenès, popilasyon natif natal, ak lòt kominote ki ki devan nan defann kesyon kriz klima a bezwen finansman pou yo kapab mete ann aplikasyon yon tranzisyon ki konfòm ak lajistis epi ki pa genyen fòs kote lwen ni enèji fosil ni fo “solisyon” tankou mache klima ak dedomajman, biyo-enèji, ak jewo-jeni—ak nan direksyon solisyon ki santre sou kominote a ki dwe fè avni nou vanse: solisyon tankou kite enèji fosil nan tè a, pratike agwo-ekoloji, pwoteje eko-sistèm ki endispansab tankou forè twopikal Amazon, ak lòt solisyon ankò yo mete nan People’s Demands for Climate Justice (Demand Jistis Pou Klima Pèp la.
Solisyon pou yo kapab abòde chanjman klima ki jis epi ki reyèl sa yo reyalizab, epi kominote ki nan premye liy kriz klima yo te dirije yo epi yo te pratike yo pandan plizyè dizèn ane. Mete solisyon sa yo ann aplikasyon mande resous ekonomik. Se yon dèt ni biznis yo—ni dirijan ki dèyè yo—dwe kominote sa yo deja, distribisyon l lan dwe fyab pou yo paske yo ap chache repare balans ak lanati.
Endistri ki alimante kriz klima yo, ki bay finansman nan minimize pwoblèm klima yo, epi ki bloke pwogrè klima ki konfòm ak lajistis pandan plizyè dizèn ane dwe peye pou dega yo fè yo. Pran yo pou koupab vle di bay asirans yo ap jije yo kòm moun ki fè krim epi kòm moun ki responsab sou plan finans, epi yo fè yo mete fen nan pratik ki lakoz kriz la vin yon priyorite.
Se poutèt sa kominote toupatou nan mond lan ap pran mezi ki vize pran endistri polyè yo kòm responsab pou dega yo lakoz ki fèt. Nou ankouraje ou ini avèk yo nan fè sa.
Nou gentan ap viv moman kote sitiyasyon an chavire ki montre nou pa lwen yon efondreman planetè. Li lè pou nou abòde kriz klima a ak kouraj epi ak jistis. Li lè pou nou koute Global South, li lè pou nou koute kominote ki premye kriz la, li lè pou nou koute jèn yo, epi li lè pou nou koute popilasyon natif natal yo epi li lè pou nou koute kominote ki pran inisyativ la. Li lè pou nou anpeche Gwo Polyè yo ak demachè antrepriz klima yo ekri lwa yo. Li lè pou nou pran yo kòm responsab—pou ni pèt ni dega yo lakoz yo, epi pou genyen yon tranzisyon ki konfòm ak lajistis ki ale nan direksyon modèl vi ki ekolojik ni pou kominote ki viktim yo ni pou teritwa ki viktim yo, sitou nan Global South. Li lè pou n fè yo peye.